Tousen se te sèvo mouvman revolisyonè ki t a pral bay peyi d Ayiti lendepandans li premye janvye 1804. Listwa rapòte li te fèt Okap nan lane 1743. Li mouri lè li te pral gen 60 lane, nan prizon Fort de Joux nan peyi Lafrans, jou ki te 7 avril 1803..
Ansyen esklav, diplomat, estratèj ak taktisyen nan zafè lagè, Tousen te fè blan, nwa ak milat danse sou menm tambou. Li te woule chak gwoup, chak aktè, ak yon sans politik koupe sou mezi, pou l mete peyi a sou wout lendepandans. Aprè l te fin mete tout reprezantan fransè yo deyò nan koloni an, menm Sonthonax, li te pran kontwòl tout zile a (Ayiti ak Sendomeng). Tousen te enpoze respè l sou tout moun, e se gras ak lidèchip li tou ke ansyen esklav yo te ranpòte Lagèdisid (La guerre du Sud).
Chire pit sa te kòmanse depi jen 1799 pou bout mwa dawout 1800, se yon moman ke nou pa janm analize nan nannan jiska prezan. Nou pa janm fè limyè sou konsekans konfli sa a sou istwa peyi a jouk jounen jodi a. Epoutan se yon gè ki chaje ak koze nou dwe chèche konprann, kit militè, ideyolojik, ekonomik ak kilitrèl.
Pandan gè sila a, ansyen afranchi yo te sou lobedyans lidè tankou André Rigaud ak Alexandre Pétion. Anfas yo, ansyen esklav yo, ki te rasanble anba lidèchip Tousen, Jean-Jacques Dessalines ak Henri Christophe, te ranpòte laviktwa apre plis pase yon lane batay, nan mwa dawout 1800. Men apre sasinay Dessalines an 1806, epi apre Henri Christophe te fin mete bout nan lavi l an 1820, se ideyoloji klas ansyen afranchi yo ki te tabli kò l nan nannan sistèm politik ak sosyal peyi a, pou jouk jounen jodi a.
«En me renversant, on n’a abattu que le tronc de l’arbre de la liberté des Noirs. Mais elle repoussera par ses racines, car elles sont profondes et nombreuses.» Se deklarasyon piman bouk sa Jenral Tousen te fè pandan yo t ap depòte l nan prizon an Frans. Se pa t jis yon pawòl anlè, se te tankou yon pwofesi. Toussaint te montre li te gen konfyans nan rasin lit la, nan pèp li a ak jeneral li te fòme yo
Tousuit apre listwa pral ba li rezon. Menm apre depòtasyon li batay la pa t kanpe. Lidè tankou Dessalines ak Christophe te kontinye jiskaske Ayiti jwenn endepandans li. Vizyon Tousen an te solid, li te anrasinen nan lespri yon jenerasyon ki te kwè nan libète. Se gras a sa revolisyon an te boujonnen jouk li donnen libète.
Tousen te konprann yon prensip kle nan lidèchip dirab : yon batay pa dwe chita sou zepòl yon sèl moun. Li te kwè nan fòs kolektif la, nan nesesite pou prepare lòt lidè ki ka repran flanbo a. Vizyon li montre nou ke pou nenpòt mouvman kenbe, fòk gen yon ekip solid, ki pataje menm objektif, ki reflechi ansanm, epi ki pare pou pran responsabilite yo lè moman an prezante. Se nan jefò kolektif ak preparasyon san pran souf nou ka garanti kontinyite ak reyisit.
|
Redaksyon : Hyppolite PIERRE
Koreksyon : Pudens REMEDIN © 2025 Pati Konsèvatè Nasyonal
|
Copyright © PAKONA AYITI, All Right Reserved.