Yon pati politik, se yon enstitisyon nasyonal ki genyen nan prensip fondamantal li twa bagay sa yo :
a) Yon vizyon
b) Yon òganizasyon
c) Yon ansanm prensip d aksyon.
Ou jwenn pati politik nan prèske tout peyi, tout sosyete. An jeneral e nan yon sistèm
demokratik, ou ka jwenn ant 2 ak 5 pati politik. Mwens pati politik ou jwenn nan yon
peyi, depi se de pati oubyen yon chif ki pa depase senk, se plis peyi a estab, nòmal. Sa
vle di tou ke si youn peyi gen anpil pati politik ladan li, sosyete a ap konfwonte anpil
malèz. Poukisa ?
A. Kisa « Vizyon „ Vle di nan Kontèks Yon Pati Politik ?
Vizyon, se ideyoloji pati a. Se apwòch konseptyèl gran pansè pati a, gason kou fanm,
sou kijan pou administre peyi a pou l mache byen. Vizyon sa a, ideyoloji sa a, li dwe
gen rasin li nan sosyete a menm. Se pa yon bagay konjonktirèl, nan moman w ap viv
la. Se yon pwendvi nan ansanm li ki soti nan istwa peyi a, nan kilti peyi a, nan
eksperyans peyi a, menm nan jewografi peyi a
Plis pati politik la gen yon vizyon ki soti nan rasin tè a, se plis sitwayen peyi a idantifye ak filozofi pati a. Se pa sèlman nan gwo liv gran entèlektyèl ak savan, Ayisyen ak etranje pa egzanp, ke yo jwenn filozofi sa a. Se konesans ideyològ pati a te rasanble menm lè li te lekòl oubyen inivèsite ke li pran.
Apati de konesans entèlektyèl sa a, li analize reyalite kote l ap viv la, oubyen kote yo (ideyològ) ap viv la pou yo modifye l, maspinen li pou bali fòm ki pou nan enterè peyi li oubyen yo, nan tan kout e alontèm tou. Reyalite peyi l ap viv la, li gen ladan li alafwa moman moun yo ap viv la, ansanm ak istwa peyi a. Se pou balanse tout done sa yo pou lè ou pataje pwendvi ideyolojik pati a ak tout moun, pou l fè sans pou yo. Se sa ki pwal fè moun lan idantifye ak pati politik sa a.
B. Kisa « Oganizasyon „ Vle di nan Kontèks Yon Pati Politik ?
Oganizasyon, nan kontèks yon pati politik, se jan ou rasanble ansanm ide yo ki soti
nan ideyoloji pati a pou mete an n aplikasyon vizyon pati a, ideyoloji pati a. Sa vle di,
ou pa jis pale pou met la, pou fè bèbèl. Nan politik responsab, tout sa w di gen
konsekans. Ekidonk, ou paka pale jan w vle, nenpòt kilè jis pou pale, pou fè bèl fraz.
Lè moun ap tande w, menm si yo pa menm santi sa, konn sa nan konsyans yo, paske
ou se yon politisyen, gen yon atant de sa w di yo. Se sa k fè politisyen, se moun ki pi
enfliyan nan yon sosyete. Sa vle di, avan ou pale nan politik, si w serye e si w konn sa
w ap fè, fòk ou reflechi. Se kankou pwovèb Ayisyen an di : « bon bouch ap pale, move
zòrèy ak koute ». Pawôl ou antan ke politisyen gen konsekans
Si ou di yon bagay, epi ou fè swivi nan aksyon w, moun bawou ak pati w la kredi. Menmsi ou te gen bon entansyon lè w pale, si pawòl ou paka gen swivi ki koresponn ak sa w te di, se kankou ou t ap fè pati an mal. Se sa k fè ou pa di tout pawòl ak bouch ou nan politik.
Pou pawòl ou gen swivi nan aksyon w, fòk ou gen òganizasyon an. Se òganizasyon an, ki konpoze ak moun ki gen konpetans, ki pwal pèmèt moun gen plis respè pou sa oumenm oubyen nenpòt moun ki gen nan pati w la di. Plis pawòl ou oubyen sa w ekri gen swivi nan aksyon ki montre fòs estriktirèl pati w la, se plis pati w la ap gen kredi. Se plis pati a pwal pi lwen.
C. Kisa « Aksyon „ Vle di nan Kontèks Yon Pati Politik ?
Aksyon nan yon pati, se sa ou fè. Politisyen aji nan desizyon ke yo pran. Lè desizyon
sa a aplike, li gen yon enpak, yon enfliyans sou tout sosyete a.
Pa egzanp, ann di ke yon majistra PAKONA deside ak manm Kazèk nan rejyon l lan ke
y ap ranmase fatra chak jedi nan zòn sa a nan Pòdpè, oubyen nan Jeremi. Epi, sa fèt
kankou sa te prevwa. Sa a, se yon aksyon ki mande yon vizyon pou vil la, diskisyon
nan nivo minisipal, menm lejislasyon lokal ak manm Kazèk yo pou deside kijan, ki
jou, ki kamyon etsetera-era ki pwal ranmase fatra a.
Aksyon sa a ki se ranmase fatra, nesesite yon vizyon de vil la, konpetans endividyèl ak kolektif pou òganize travay sanitè sa a pou vil lan, volonte tout moun ki enplike nan desizyon sa a, ak kapasite reyèl, materyèl pou fè travay la.
Se sa k politik !
Wi, se sa a ki politik. Sa montre w ke politisyen yo gen wòl pou òganize yon sosyete,
pran desizyon pou tout moun ki ladan l, epi bay rezilta yo te pwomèt la.
Nan kontèks sa a, gen de bagay ki pa bezwen 500 bouch oubyen 300 pati politik pou fè
konprann li. Gen de bagay nan politik ki pi konplèks, pi difisil. Bagay sa yo, pou yo fèt
byen, gen delè se vizyonè pati yo sèlman ki kapab ede fè diferans lan.
Men si yon peyi gen istwa l, gen kilti l, gen abitid li elatriye, pou kisa nan yon sosyete
nòmal ou oblije gen 20, 30, jiska 200 pati politik menm ?
Lè w jwenn sa, sa vle di ke peyi a pa estab. Sa vle di ke politisyen yo pa kapab oubyen
pa vle travay anba yon banyè an komen pou fè bagay yo mache. Sa ta vle di tou ke
anpil nan moun ki di se politisyen yo ye, pa menm konprann sa k politik la. Sa vle di,
gen yon pwoblèm nan sosyete a ki pèmèt politisyen kwè ke se yo chak grenn ki ka
rezoud pwoblèm yo, poukont yo. Se siy yon sosyete malad.
Nanpwen yon peyi sou latè kote ou kapab gen 50 ideyoloji politik sou menm tè a. Si w jwenn sa nan yon sosyete, sa vle di gen yon malèz. Sa vle di ke pati politik yo pa konprann sa y ap fè a, oubyen pa vle travay pou byen komen an.
Nan yon sosyete nòmal, menmsi gen yon pil ak yon bann pati politik, kou peyi a jwenn pati ki reprezante yon vèsyon ideyoloji fondamantal peyi a, prèske tout nan lòt pati yo ap disparèt. Natirèlman.
Men pou sa fèt tou, pati ki vrèman reprezantatif enterè nasyonal yo dwe ap pwouve l sou teren an nan jan senatè, majistra, depite, ak lòt politisyen l yo ap bay randman sou teren an.
Depi travay la ap fèt, depi peyi a ap fonksyone nòmalman, si pati sa a gen yon advèsè (yon lòt pati) anfas li k ap fè travay pa l tou e ap fè l byen nan enterè sosyete a an jeneral, tout lòt klib politik ke yo rele pati yo ap disparèt. Pou kisa ? Paske yo p ap jwenn sipò popilasyon an. Egzistans yo p ap nesesè.
Pati Politik nan Yon Sosyete Nòmal, Se Yon Enstitisyon.
Sa ki vre e sa nou tout dwe konprann nan zafè politik, se ke pati politik, se yon
enstitisyon. Se pa pwopriyete yon moun oubyen yon gwoup moun. Se yon
anbranchman nan yon sistèm politik ki la pou l bay peyi a jarèt. Nan yon sosyete
nòmal, yon pati k ap travay vrèman pou peyi a, se yon trezò nasyonal.
Yon pati politik, se kote moun ap panse sou kijan pou sosyete a pi byen òganize. Se kote politisyen yo oubyen pansè yo toujou ap reflechi, ap chèche lòt moun, jenn moun kankou moun ki pi gran, pou pran larelèv lè sa ki nan yerachi siperyè pati an pa la ankò.
Pati sa yo chèche talan toupatou, nan tout domèn, nan tout rakwen peyi a ak nan tout kouch sosyoekonomik. Apwòch la enklizif, rale-mennen-vini ; li pa eksklizif, prefere yon gwoup pase yon lòt.
Yon pati politik se yon enstitisyon, nan sans ke li dwe toujou la 100, 200, 300 zan pita menm. Gen bagay ki gendwa chanje nan apwòch pati a paske tout sosyete gen dinamik li. Lavi a pa estatik, kanpe rèd. Men nannan pati a, lojik fondamantal li ap toujou la, dwe toujou la.
Depi pati a ap fè travay li, l ap gen kredibilite tout nasyon an, menmsi gen moun
oubyen pòsyon nan popilasyon an ki pa dakò ak li.
Pati politik itilize pèsyazyon, lojik, rezon pou konvenk moun. Pati politik aprann moun
viv youn ak lòt nan yon sosyete demokratik, menmlè gen divèjans nan pwendvi. Pati
politik pa pwopriyete prive pèsonn, sitou pa moun ki kreye l la oubyen ki te ede kreye
l la.
Pati politik asire yon sosyete pou l vin raz. Kisa « raz » vle di la a ? Sa vle di, bagay yo nòmal. Timoun al lekòl. Biznis ouvri. Moun vwayaje, envesti, al nan fèt, bay opinyon yo san yo pa pè pou yo pa touye yo. Pati politik dwe toujou gen yon vizyon dinamik pou ap chache mwayen lojik, rezonab, e pratik pou peyi a toujou pwale pi lwen. Pati a dwe toujou konsa, menm lè gen pwopozisyon ki alontèm ap pi bon pou peyi a, men gen anpil moun ki poko ka konprann sa.
Sitou akoze listwa peyi d Ayiti, yon pati politik ki gen nen nan figi l dwe pi fò ke politisyen ki reprezante l sou teren politik la. Ke politisyen an se prezidan, senatè, e kilakyèl etsetera.
Yon vrè pati politik, nan sans teknik tèm lan, gen responsabilite pou l aprann idantifye mekanis pou bouche twou vid malfektè endividyèl oubyen an gwoup ap itilize pou eksplwate sosyete an mal. Si pati politik la pa gen fòs li bezwen, grandizè ap toujou parèt pou fè pale anpil, epi eksplwate tout moun. Se sa yo rele politisyen popilis yo
Lè yon moun konprann tout bagay sa yo, sa pèmèt li wè enpòtans fondamantal ki
genyen nan yon sistèm demokratik ki dirije ak de ou twa pati ki gen nen nan figi yo.
Se nan kontèks sa a ke PAKONA ap evolye. Se poutèt sa tou ke PAKONA egziste nan
jounen jodi a. PAKONA, se pati politik Prezidan Salomon te kreye. PAKONA se yon
eritaj istorik peyi dAyiti. Se pa pati politik yon grenn moun, n yon grenn moun.
Ann Rann Peyi a Nòmal
Pou n rann peyi a nòmal, fòk nou konprann bagay sa yo. Fòk nou travay ak konpetans,
ak savan, ak ekspè, ak peyizan, Ayisyen toupatou, ak tout moun pou peyi a ka avanse
ak noutout. Se sa k ap fè peyi a vin pi bon pou noutout, nou chak nan yon nivo. Se sa
k pou fè tout moun vin gen menm chans pou yo ka rive kote kouraj yo, konesans yo,
ak dinamis yo ka mete yo.
Pou peyi a nòmal, se pou politisyen yo konn sa y ap fè, poukisa y ap fè l, e kòman pou fèl. Se pa travay yon sèl moun. Se travay tout moun. Se pou chita ak moun, tout moun ki vle e ki kapab pou rann peyi a vin nòmal. Se poutèt sa tou, nenpòt moun ka manm PAKONA, depi li swiv metòd aksè a, san l pa bezwen zanmi ankenn gran lidè nan pati a.
Se kalite lojik sa yo nou swiv ak mete an n aplikasyon nan PAKONA. Se konsa nou kwè ke Ayiti ka avanse. Se konsa menm Ayiti ap vanse, ap vin rasyonèl, ap devlope. Se ansanm sèlman nou ka ranmase figi nou, se pa grenn pa grenn. Se ansanm nou ka fè sa.
|
Redaksyon : Hyppolite PIERRE
Koreksyon : Pudens REMEDIN © 2025 Pati Konsèvatè Nasyonal
|
Copyright © PAKONA AYITI, All Right Reserved.