Swiv nou:
Rele nou: +(509) 47418581

Henry Christophe (Anri Kristòf)

img3

Kristòf, se te yon timoun ki te fèt nan Grenad nan Ti Antiy. Grenad se te teritwa Anglè. Sa te pèmèt Kristòf aprann anglè depi l te tou piti.

Misye te dezòd anpil, anmèdan, move tanperaman, sanble tou l te renmen batay. Misye te tèlman makawon ke papa l te bay li paske l pa t kapab ankò. Li te bay li oubyen menm vann li ak lòt blan ki te pran misye, mennen misye Sendomeng (jodi a Ayiti) kòm esklav.

Evidamman, misye te entelijan. Nou ka di sa san krent paske misye te vin rive yon lidè enpòtan, fondamantal, nesesè nan batay pou endepandans peyi dAyiti. Men kòm ou ka gentan sispèk, misye te wòklò depi l te timoun. Ekidonk, karaktè sa a pwal swiv li jis li fin granmoun, jis li te fini pa touye tèt li lè moun nan Wayom li nan Nò peyi dAyiti te revòlte kont li.

Kristòf, Pakou Istorik li.
Pa gen anpil enfòmasyon sou Kristòf kòm esklav, menmjan ou jwenn enfòmasyon sou Jean-Jacques Duclos, ki te fini pa chanje siyati l pou Jan-Jak Desalin. Men li klè ke Kristòf te kòmanse kòm esklav. Li vin jwenn mouvman liberasyon peyi dAyiti. Kankou Tousen ak Desalin, li te gen karis, sa vle di, li te gen yon aspè patikilye ki te fè ke lè l rive yon kote, ou te remake l, ou t ap tande l. Ou te santi presans li. Antou, li te gen ora yon lidè. Efektivman, li te yon gran lidè.

Nan batay endepandans peyi Etazini, nou jwenn Fransè yo, akoz rivalite yo ak Angletè, ki te voye yon kontenjan 500 esklav Savannah, nan eta Georgia Ozetazini, kòm sòlda kont Angletè. Kristòf te tou aprann batay lagè nan peyi sa a. Sonje tou ke misye te pale anglè.

Lè Tousen te deklare otonomi Sendomeng anfas Lafrans, Kristòf te la. Nan epòk sa a, Tousen te plis gen rapò ak biznismann Ameriken. Kristòf t ap pale anglè ak yo. Gen moun ki pa t konn rapò sa a ke Tousen te etabli ak Ameriken yo, e li te fè l konsa paske li te deklare koloni Sendomeng lan otonòm devan Lafrans. Sonje Tousen nan epòk sa a, se li ki te Gouvènè Sendomeng.

Nan batay Lagèdisid (La guerre du Sud), Kristòf te komèt anpil krim kont milat yo nan Jakmèl, kote afranchi yo t ap batay pou kenbe sistèm kolonyal la anplas. Yo te jis vle gen 2 dwa sivil ak politik yo. Yo te vle kenbe sistèm esklavajis la entak. Kristòf, Desalin, ak Tousen te kont sa. Men, anpil nan krim Kristòf yo, se Desalin yo akize ki te komèt yo.

Si Papa Desalin te rilaks lè l t ap detann li, Kristòf te toujou ògeye, oten, fyè, bwòdè. An reyalite, se youn nan rezon ki fè li pa t twò siyen ak Desalin. Men ofon, nan nannan twa nèg sa yo, se te menm espri a, menm kout manchèt la, menm chema a. Yo toulètwa te kwè nan yon sèl e menm bagay: ou paka divize latè si w vle peyi dAyiti rive lwen. Se nan optik sa a ke Kristòf te pwal dirije rejyon Nò ak Atibonit aprè asasina Desalin.

Kristòf, kèlkilanswa jan ou ka renmen l, te pwobableman jwe yon wòl nan lanmò Desalin. Petèt li te konnen sa k te pwal rive a, men li pa t kite Desalin konnen. Petèt Alexandre Petion te menm di l sa dirèkteman. Listwa pa fin klè sou aspè sa a. Sa ki klè, Kristòf te konnen ke si Desalin te mouri, se limenm ki te pwal ranplase l kòm lidè peyi a. E se sa k te rive.

cita mobile

1806: Desalin Mouri, Ayiti nan Move Kafou
Kou Desalin fin mouri, mèt konplo lanmò l la, Alexandre Petion, kominike ak Kristòf ke pouvwa a te pwal pou li. Petion ofri Kristòf pozisyon an men, li te bali l sou baz yon nouvo konstitisyon ke Kristòf te kwè ki te ka fè l vin yon maryonèt. Li pran zam kont Petion, pèdi batay la, retranche nan rejyon Nò, epi aprè yon ti tan, li te deklare tèt li Wa.

Nan kafou sa a peyi d Ayiti vin twouve l la, gen de direksyon ki klè. Èske se wout Tousen ak Desalin lan nan zafè dirije peyi d Ayiti a ki ta ka pi bon, e ke Kristòf te pwal swiv? Èske se wout Petion te pwal swiv la, nan zafè dirije peyi d Ayiti a ki ta ka pi bon pou peyi a? Kristòf te fè chemen Tousen an. Petion te fè wout pa l. Se wout Petion an ke jis jounen jodi a, nou jwenn ki chimen Ayisyen pran. Ann etale ak analize tou piti wout Kristòf la, apati de sa Kristòf te fè.

Reyalizasyon Kristòf antanke Wa.
Kristòf te pran pouvwa nan Nò ak lAtibonit nan lane 1807. Kristòf pa t plezante. Premyèman, li te rete lwen Lafrans. Kòm li te pale anglè, e kòm tou li te konnen ke Angletè ak Lafrans te kanpe youn kont lòt, Kristòf te deside travay plis ak Angletè.

Kristòf te genye sa l te rele “Code Henri” (Kod Anri), ki te kòd administrasyon Nò ak Latibonit. Se te yon kòd ki te eksplike kouman: rejyon riral yo ak kominote yo te dwe dirije; pou administre zafè maritim ak zafè komèsyal. Li te konstri lopital kote moun te jwenn laswenyay gratis nan tout awondisman, lekòl nan divizyon militè, lekòl pwofesyonèl, ak yon Akademi Wayal. Li te kreye yon estrikti agrikòl ki te baze sou sèvitid kankou nan epòk medyeval an Ewòp, epi li te fè anpil konstriksyon. Nou menm rele li nan listwa, Wa Batisè (Le Roi Bâtisseur).

Kristòf te konstri, kankou prèske tout Ayisyen konnen, Palè Sansousi nan Milo, Palè 365 pòt nan Ti Rivyè lAtibonit, Sitadèl Lafèryè, ak yon katafal lòt anplasman ankò ki te vin rann Wayom li an yon chedèv achitektiral. Se pa sa sèlman Kristòf te fè. Li te oblije tout timoun al lekòl. Si polis espesyal li a te jwenn yon timoun nan lari lè lekòl, paran timoun lan ansanm ak timoun lan te pran bon tabaso.

Kristòf pa t nan rans. Li te oblije tout ansyen esklav yo al travay sou pwopriyete leta te genyen, ak sa li te bay manm nouvo elit li yo. Nouvo elit sa a, se te moun li te bay gwo responsabilite ag gwo tit tou, tankou Dik, Bawon, Kont, Chevalye. Tout moun sa yo ak gwo tit sa yo te gen responsabilite pou yo fè kilti latè. Se te sa nou te ka rele “sèf” ki te travay tè sa yo. Se ansyen esklav ki te kounye a ap travay latè. Yo te gen 25 pousan rekòlt sou tè yo t ap travay la, men yo pa t gen latè.

Kristòf te gen relasyon komèsyal ak gran pwisans nan Ewòp. Yo te respekte travay li, e yo te twò kontan achte pwodwi agrikòl ki te pwodwi sou teritwa l. Se sa k te vin rann Wayom li an si rich. Epoutan, peyi sa yo, sosyete sa yo ki te gen relasyon komèsyal ak li, se te sosyete esklavajis. Li jis pa t nan politik tetelang ak Lafrans, nan okenn sans.

palais-sans-soucis-haiti

Politik Agrikòl Kristòf la.
Se konsa Tousen te wè l; se konsa Desalin te wè l. Se konsa Kristòf te wè l. Yo te pwouve ke estrateji sa a te bay rezilta. Mesye sa yo pa t vle patisyonnen latè, koupe l an bout mòso. Yo te kwè ke estrateji distribisyon latè twò bonè t ap afebli leta, rann li difisil pou yo gen lajan pou pwojè nasyonal.

Estrateji sa a, se li ki te fè Tousen vin bay koloni an reyonans ekonomik li pandan li t ap dirije l kòm Gouvènè. Se pou sa Desalin t ap lite. Ansyen esklav yo pa t dakò, e se youn nan rezon yo te pi kontan lè Papa Desalin te mouri.

Se menm estrateji sa a, estrateji Desalin, Tousen, ak Kristòf la, ki fè tout Ayisyen fyè jodi a lè yo kanpe devan Palè Sansousi, devan Sitadèl Laferyè. Se estrateji sa a ki fè Wayon Kristòf la te pwospè, ki fè ke timoun te konn al lekòl nan Nò ak Latibonit, tout kote Kristòf t ap dirije.

Se estrateji sa a ki fè ke Kristòf te devlope yon endistri zam. Se estrateji sa a ki fè ke sou Kristòf, espektak kilirèl nan wayom li an te epate tout etranje ak diplomat ki te konn met pye lakay li. Se konsa Kristòf te reyisi kanpe devan Lafrans ki fè ke yo pa t eseye vin batay ak nou paske alepòk, Sitadèl la ke misye te konstri an te ka blayi navi lagè fransè yo te ka eseye voye.

Ni Kristòf, ni Tousen, ni Desalin, pa t janm kwè nan solisyon fasil. Twa mesye sa yo te kwè ke pou Ayiti vin yon peyi ki gen nen nan figi l, fòk nou te gen yon lame ki fò, sou tè kankou sou lanmè.

Kristòf nan Lojik Tousen ak Desalin lan.
Kristòf te bay Lafrans vag. Se sa ki diferansye e limenm, e Desalin ak Tousen pa rapò ak Petion pa egzanp. De mesye sa yo, Kristòf ak Tousen, te konsidere Lafrans kankou enmi pèp Ayisyen. Se poutèt sa tou Kristòf te konstri Sitadèl Laferyè ak lòt fò nan wayom li an, menm jan Desalin te konstri kèk fò tou lè l t ap dirije peyi dAyiti, kankou “Les forts Jacques et Alexandre”.

Kristòf, tankou Desalin ak Tousen, pa t kwè ke ou ka konstri yon peyi nan fè sa k fasil, nan pran desizyon ki pi rapid. Yo toulètwa te kwè nan travay di, travay fò, travay ak entelijans. Yo te kwè nan desizyon ki kòrèk. Men, kòm tout moun ki gen bon sans yo konnen, desizyon dirab toujou difisil. E se tou tip desizyon ki pote pi bon rezilta nan lontèm. Fòk ou gen kran tou pou pran yo.

Malerezman, menmjan majorite ansyen esklav yo te kontan lè Petion te touye Desalin, se konsa tou yo te rive yon lè, yo te revòlte kont Kristòf. Yo te panse ke misye te twò rijid. Yo pa t vle ret anba vant li ankò. Ekidonk, kou yo jwenn opòtinite a pou revòlte, se sa yo te fè. Kristòf, yon nèg ki vrèman fyè, te jis touye tèt li. Misye bay tèt li yon bal.

13 (Trèz) an, yon chif sakre?
Se yon kesyon pou n ta poze tèt nou. Pou Ayiti te vin endepandan, batay desizif yo te fèt pandan trèz lane apati 1791 ak Seremoni Bwa Kayiman, jiskaske nou te vin rive nan premye janvye 1804. Kristòf te pran trèz an pou l te vin banou yon wayom ke jis jounen jodi a reprezante fyète pèp Ayisyen. Men, ansyen esklav nan wayom lan, ki te vin sèf anba gouvènman Kristòf, te revòlte nan lane 1820. Kristòf te gentan afebli nan moman sa a.

palais-365-porte

Fen yon peryòd ki te plen espwa
Kristòf te soufri yon kriz, yon avc (apopleksi), yon kriz sèvo-vaskilè ki te vin rann li afebli fizikman epitou, mantalman tou. Lè popilasyon an vin konn sa, yo revòlte. Li patka al kanpe kont represyon an. Li pran tout dispozisyon l pou pwoteje fanmi li, oka ou. Li sonje eksperyans lamizè Marie Claire Heureuse Félicité Dessalines, madan Desalin, aprè Petion te touye Papa peyi a.

Efektivman, Petion te pwomèt madanm Desalin pou l te ede l finansyèman. Lè madan Desalin te tonbe nan lamizè, li te ekri Petion pou l kenbe pwomès li. Petion pa t janm reponn. Li te bay Madan Desalin vag. Poutèt sa, Kristòf pa t pran chans. Li te fè madanm li pran egzil an n Itali, epi li te bali ase lajan pou l pa t janm nan sitiyasyon sa a.

Aprè sa, Kristòf bay tèt li yon bal, li touye tèt li.

Li di ke se pitit gason l ki pou pran pouvwa a lè l mouri. Kou l mouri, manm elit gouvènman l lan touye pitit gason l lan.

Aprè sa, peyi a te vin reinifye. Tout Ayiti te vin sou kontwòl Jean-Pierre Boyer, paske Petion te gentan mouri lafyèv jon nan mwa mas 1818.

Listwa menm rapòte ke Kristòf te eseye bay Boyer dirije tout peyi a aprè Petion te mouri. Boyer pa t dakò. Move lang di konsa se poutèt Boyer te wont. Li te kwè se te yon pyèj pou Kristòf te ka fè moun nan Sid ak Lwès reyalize ke Petion te mennen repiblik li t ap dirije a nan debandad.

Sa k rive aprè lanmò Kristòf?
Tout Ayisyen konnen kisa k vin Ayiti aprè Kristòf, ke yo edike, ke yo pa edike:

• Ayiti vin rapwoche l plis ak Lafrans, yon bagay ke Desalin ak Kristòf te kwè, ki te ka fatal pou Ayiti

• Kristòf te konstri Sitadèl la pou defann Peyi dAyiti. Lafrans vin ak detwa navi, fè Boyer pè, epi Boyer aksepte peye dèt endepandans ke pèp Ayisyen an te batay pou li a, san li pa t janm tire yon fistibal

• Si Kristòf te konstri lekòl, e te konn fè kale manman ak papa ansanm ak pitit si timoun lan pa t al lekòl, lekòl li te konstri yo te vin tonbe aladebandad, jiskaske nan ane 1980 yo, te gen mwens ke 50 pousan Ayisyen ki konn li ak ekri

• Ekonomi peyi dAyiti, si w konsidere Wayon Kristòf la sèlman, te epate lemonn pandan Kristòf t ap dirije l. Pèp Ayisyen an te finalman pati dèyè Boyer nan lane 1843, sitou paske ekonomi peyi a te nan tou foban.
Se petèt sa ansyen esklav yo pa t konprann. Men, èske Ayisyen nan jounen jodi a konprann enpòtans eksperyans sa yo? Prese-prese ak renmen lajan fè anpil Ayisyen sanble jiska prezan ak ansyen esklav. Anpil nan nou toujou prese. Tout moun vle rich, sitou lè yo nan leta, nan politik.

Responsabilize Ayisyen
Ayisyen papka responsabilize, si noutout pa aprann leson istorik sa yo. Se sa k fè listwa gen anpil enpòtans nan konprann poukisa yon sosyete ap mache pi devan, oubyen si l toujou ap fè bak. Responsabilize Ayisyen, se fè Ayisyen aprann istwa peyi yo, fè yo konprann sa l vle di, e poukisa Ayiti gen twa Titan, twa Griyo ke noutout dwe respekte e aprann de yo: Tousen Louvèti, Jean-Jak Desalin, ak Anri Kristòf.

Logo PAKONA
Redaksyon : Hyppolite PIERRE
© 2025 Pati Konsèvatè Nasyonal