Jean-Jacques Dessalines (Janjak Desalin an ayisyen) te fèt yon 20 septanm 1758 nan Granrivyè Dinò. Li te esklav yon kolon fransè ki te rele Duclos. Jan sa te konn fèt nan epòk sa, esklav yo te pote siyati mèt yo. Se konsa li te vin rele Jean-Jacques Duclos. Se te yon bon travayè, men li te rebèl. Se rezon ki koz Duclos te blije vann li bay yon afranchi ki te rele Dessalines. Se la li jwenn siyati boul dife sa ki vin make listwa mond lan : Dessalines... Nouvo mèt sa te rekonèt entèlijans ak volonte nonm lan. Li te chwazi mete siyati pa li sou li. Sa te plis pase yon chanjman non. Se te premye pa Desalin sou wout liberasyon.
Yon rebèl, yon lidè
Yon rebèl, yon lidè
Desalin pa t janm gade tèt li tankou esklav. Se pa t yon nonm ki te janm nan tete lang ak kolon dechèpiyè nonplis. Apre kout kouto nan do Franse yo te fin bay Jenral Tousen an, Desalin te sèmante pa t gen mwayen pou negosye ankò. Se te libète oswa lanmò.
Apre yo fin depòte Tousen Louvèti an Frans, Desalin pran direksyon Lame Endijèn lan epi kontinye mennen batay la kont pi gwo pouvwa kolonyal ki te sou latè nan epòk la. Viktwa nan Vètyè, 18 novanm 1803, make dènye etap nan batay pou pouse do konlon franse. Men Desalin, ki te gen je l sou avni nasyon an, pa t lage tèt li nan kè kontan pou deklare viktwa san reflechi. Li pran 44 jou pou reflechi. E se premye janvye 1804, premye jou ane a, li bay premye repiblik nèg sou latè a batistè. Li pa rele l Sendomeng, li rele l Ayiti, jan pèp endijèn yo te rele anvan lakolonizasyon, ki vle di tè mòn.
Latè : Kè Batay la
Apre endepandans lan, tè a te vin pi gwo resous ki te genyen nan peyi a. Ansyen esklav yo te espere jwenn ti moso pou viv ak diyite, pandan ansyen afranchi yo, ki te deja gen plis avantaj, te kòmanse reklame gwo domèn kòm eritaj, pafwa ak fo papye menm. Men Desalin pa t dakò ak vizyon sa a.
Tankou Tousen ak Kristòf, Anprè a te kwè agrikilti a dwe rete òganize pou soutni ekonomi peyi a, yon mannyè pou te sèvi tout pitit li yo san distenksyon. Vizyon sa te mete l anfas enterè gwo chabrak yo. E se kokenn kontradiksyon sila ki mennen lanmò li.
17 Oktòb : Yon jou modi
Kontrèman a sa anpil moun panse se pa prejije sou koulè ki sous lanmò Desalin. Se pito rezilta bouch pa gou sou kiyès ki gen dwa kontwole tè, pouvwa ak lajan nan peyi a. Vizyon Desalin pou mete te richès peyi a nan sèvis tout pèp la te depaman ak enterè yon seri zotobre nan epòk la. Se nan kontèks sa, 17 oktòb 1806, Alexandre Pétion mete tèt li ak lòt pou sasinen Desalin
Zak sasinay sa a pa t senpman wete lavi Anprè a, li te tou mete bout nan rèv Desalin te genyen pou yon Ayiti ki baze sou inite, jistis ak egalite. Depi jou sa peyi a deraye, depi jou sa modèl sosyete Pétion te vle a, yon sosyete miwo-miba, tanmen layite kò l jiskaprezan.
|
Redaksyon : Hyppolite PIERRE
Koreksyon : Pudens REMEDIN © 2025 Pati Konsèvatè Nasyonal
|
Copyright © PAKONA AYITI, All Right Reserved.