« Yo pretann ke, nan antèman pou onore devouman Charlotin Marcadieu, Jeneral Pétion ki t ap gade Boisrond Tonnerre ak Mentor ak move je, di konsa Charlotin se te sèl nan prefere Dessalines yo ki pa t ap ba l manti .» Toujou nan sa yo rapòte, « Solda yo ak mas moun yo te al gade fineray sila a, yon fineray gwo zafè : kote grandizè t ap fè elòj Charlotin poutèt li te akonpli devwa l antanke milité .» Se sa istoryen ayisyen Beaubrun Ardouin rakonte nou, nan yon liv ki rele Études sur l’histoire d’Haïti , sou fineray Charlotin Marcadieu.
Kiyès Charlotin Marcadieu te ye?
Charlotin Marcadieu se te yon sòlda, se te sekirite rapwoche Anprè Jean Jacques Dessalines (Desalin). Lè Desalin finalman dekouvri li pran nan pyèj sou Pon Wouj, lè li wè tout bon vre ke li sou wout mouri, aprè Gaba te gentan fin tire sou li yon premye fwa, se sòlda sa a li te mande sekou. Listwa rapòte ke Desalin te rele Osekou Charlotin. La menm, san reflechi, li te lage kò l sou Anprè a pou pwoteje l. Asasen yo touye toulède lapoula.
Zak Charlotin an t a gen dwa pa kite okenn tras nan listwa. Sa l te fè a te nòmal. Li se gadkò Desalin, y ap tire sou li, li pwoteje l. Senp kou dlo kòk. Men g on lòt aspè nan kesyon an ki bay jès la yon enpòtans istorik san parèy, ki rann misye se yon pèsonaj kle nan chèche konprann peyi d Ayiti jouk jounen jodi a.
Desalin se te yon nèg, yon ansyen esklav. Charlotin pa t menm yon milat, nan konpreyansyon koulè nan listwa peyi d Ayiti : se te pito yon katewon, sa vle di yon moun ki te menm pi pre blan ke milat, ki te gen plis san blan nan venn li ke yon milat. Kidonk Charlotin pa t sèlman ranpli devwa l antanke gadkò Desalin, sakrifis sila montre ke se te yon nonm san prejije, ki te wè moun anvan koulè po yo.
Yon bouke flè pou Charlotin, pousyè pou Desalin
Aprè lanmò Desalin, Pétion, chèf kominezon an, voye yon moun fou ki rele Dédé Bazile (Défilé la folle) al antere li
nan yon simityè san non. Alòske yon lòt bò li te chwazi onore Charlotin
___________________________________________
« Aussi prétend-on, qu’aux funérailles qui honorèrent le dévouement généreux de Charlotin Marcadieu, « le général Pétion, jetant un regard courroucé sur Mentor et Boisrond Tonnerre, dit que Charlotin avait été le seul des favoris de Dessalines qui n’eût pas cherché à l’égarer ». ( Beaubrun Ardouin)
« Les troupes et les citoyens en foule assistèrent à cette cérémonie funèbre, remplie avec magnificence : témoignage flatteur pour la mémoire de celui qui comprit son devoir militaire ». (Beaubrun Ardouin)
Beaubrun Ardouin, Études sur l’histoire d’Haïti, tome V.
Marcadieu, malgre se pa t sèl sòlda ki te mouri nan sasinay Desalin lan. Pou li Charlotin te pi pre modèl sosyete li te vle bati a. Chwa sila montre jan vizyon Pétion te depaman ak pa Desalin, depi lè sa li te kòmanse devwale vrè vizaj li, menmsi li pran nou plizyè jenerasyon pou nou vin konprann sa.
Desalin te vle bati yon nasyon kote tout Ayisyen se Ayisyen san distenksyon, san baryè koulè. Sa klè nan Konstitisyon 1805 lan kote li di : « Denominasyon rasin, jenerik tout Ayisyen se Nwa.» Menm lè li t ap mouri, li mete prensip sa an valè : li rele Charlotin Marcadieu, yon sòlda po klè li te fè konfyans, tankou yon timoun ki rele manman l lè li an danje. Pou Desalin, Charlotin te senbòl fidelite ak lespwa pou yon Ayiti ini. Charlotin te reponn san brennen, li mouri pou Desalin
Siyifikasyon Antèman Charlotin an
Antèman sa a vle di anpil bagay. Toudabò sa a montre nan ki nivo Pétion te gade Desalin ba. Antèman sa a eksplike tou rezon ki fè lè Desalin te ofri Pétion pou l te fè pitit fi l marye ak pitit gason misye, Pétion te di non. Desalin te vle fè de jenn moun sa yo marye pou l te ka demontre ke divizyon nwa ak milat la pa egziste ankò. Petion te konnen se sa Desalin te vle di, te vle fè. Men, li te di non.
Kalite maryaj sa yo te souvan fèt nan mitan monachis, sitou nan tan lontan. Yo te konn sèvi kòm temwanyaj volonte ant de peyi pou fè lapè. Desalin te vle fè Pétion konprann ke Lagèdisid (La guerre du Sud) ant milat ak nwa te fini, e li te lè pou tout Ayisyen mete men ansanm tout bon vre pou te ka bay peyi a manm apre lendepandans. Men Pétion pa t janm wè l konsa.
Kouman pou n gade Charlotin Marcadieu
San di pètèt Charlotin Marcadieu se yon ewo. Se youn nan pi bèl senbòl peyi d Ayiti nan zafè met akote koze divizyon koulè a. Charlotin te, se, e dwe toujou rete yon senbòl linyon pou pèp ayisyen an. Se yon nonm ki raple nou yon sèl dwèt pa manje kalalou (L’union fait la force). Nan kontèks sa li chita sou menm tab ak Papa Desalin : se te yon nonm ki te wè moun avan l wè koulè. Se pou n toujou onore l, pa nan sans Pétion te fè l pou kontinye simen divizyon nan mitan nèg ak milat, men pito pou sakrifis san parèy sa : o fri lavi l pou pwoteje papa Nasyon an, Desalin, olye pou l te rete viv tankou yon malfra.
|
Redaksyon : Hyppolite PIERRE
Koreksyon : Pudens REMEDIN © 2025 Pati Konsèvatè Nasyonal
|
Copyright © PAKONA AYITI, All Right Reserved.