Analyses · 06/06/2026
Ayiti ap travèse youn nan peryòd ki pi difisil nan listwa li. Povrete, ensekirite, chomaj, feblès enstitisyonèl, degradasyon anviwònman an ak kriz nan sistèm edikatif la kontinye afekte lavi plizyè milyon sitwayen. Pandan anpil moun ap chèche solisyon pou retire peyi a nan sitiyasyon sa a, gen yon kesyon fondamantal ki merite plis atansyon: Ki plas fanm ak tifi yo genyen nan pwojè rekonstriksyon nasyonal la?
Repons lan klè: okenn peyi pa ka devlope tout bon vre si li kite mwatye popilasyon li dèyè. Edikasyon fanm ak tifi yo pa sèlman yon kesyon dwa moun; li se yon kestyon devlopman ekonomik, estabilite sosyal ak avni nasyonal.
Si Ayiti vle konstwi yon nouvo sosyete ki pi pwospè, ki pi jis ak ki pi modèn, li dwe fè edikasyon fanm ak tifi yo vin youn nan pi gwo priyorite li.
Edikasyon: fondasyon devlopman yon nasyon
Depi plizyè dizèn ane, rechèch entènasyonal yo montre edikasyon se youn nan zouti ki pi efikas pou konbat povrete ak ankouraje pwogrè sosyal. Lè yon moun resevwa yon bon edikasyon, li devlope kapasite pou reflechi, rezoud pwoblèm, pran bon desizyon epi patisipe aktivman nan lavi ekonomik ak politik peyi li.
Men efè edikasyon an vin pi pwisan toujou lè li konsène fanm ak tifi yo. Paske fanm yo jwe yon wòl santral nan fanmi an, nan kominote yo ak nan sosyete a an jeneral.
Se poutèt sa anpil espesyalis repete fraz sa a: "Lè ou edike yon gason, ou edike yon moun; lè ou edike yon fanm, ou edike yon jenerasyon."
Edikasyon fanm ak kwasans ekonomik
Youn nan premye benefis edikasyon fanm se enpak li sou ekonomi yon peyi.
Yon fanm ki resevwa fòmasyon gen plis chans pou jwenn yon travay, kreye yon antrepriz oswa devlope yon aktivite ekonomik ki ka amelyore revni fanmi li. Li vin gen plis kapasite pou jere resous li yo, planifye depans li yo ak envesti nan lavni pitit li yo.
Nan yon peyi tankou Ayiti kote anpil fanmi depann sou ti komès ak aktivite enfòmèl, edikasyon fanm yo kapab tounen yon motè pwisan pou kreye richès.
Lè gen anpil fanm ki jwenn aksè ak fòmasyon pwofesyonèl, teknoloji, antreprenarya ak jesyon finansye, ekonomi an jwenn nouvo fòs. Sa kreye plis opòtinite travay, diminye depandans ekonomik epi ranfòse klas mwayèn nan.
Edikasyon kòm zam pou lite kont Povrete
Povrete pa sèlman yon kesyon mank lajan. Li se tou mank opòtinite, mank enfòmasyon ak mank kapasite pou amelyore kondisyon lavi yon moun.
Yon fanm ki pa jwenn edikasyon souvan rete bloke nan yon sik povrete ki pase sòti nan yon jenerasyon rive nan yon lòt.
Okontrè, yon fanm ki resevwa bon edikasyon gen plis chans pou jwenn yon revni ki estab pran bon desizyon ekonomik; pwoteje pitit li kont malnitrisyon; envesti nan lekòl pitit li; amelyore kondisyon lojman fanmi an.
Kidonk, lè yon tifi ale lekòl jodi a, se pa sèlman avni pa li ki ka chanje. Se avni tout fanmi li ki ka transfòme.
Enpak edikasyon sou sante Piblik
Gen yon relasyon dirèk ant nivo edikasyon fanm ak kalite sante nan yon sosyete. Fanm ki resevwa edikasyon, konprann pi byen kesyon ijyèn; yo suiv rekòmandasyon medikal yo pi fasil; yo pwoteje tèt yo pi byen kont maladi; yo pran swen pitit yo pi byen; yo gen mwens risk pou fè pitit avan lè. Yo gen plis tandans vaksinen pitit yo, sèvi ak sèvis sante yo epi adopte konpòtman ki pwoteje lavi fanmi yo.
Se poutèt sa anpil peyi ki amelyore sistèm sante yo te kòmanse pa ogmante nivo edikasyon fanm yo.
Edikasyon fanm ak pwoteksyon Timoun
Yon manman se souvan premye pwofesè yon timoun. Anvan yon timoun antre lekòl, li aprann pale, reflechi, kominike ak konprann mond lan atravè manman li. Lè yon manman edike: li ankouraje pitit li renmen lekòl; li siveye pwogrè akademik li; li ede l devlope bon valè; li limite risk pou abandone lekòl.
Anpil etid montre timoun ki soti nan fanmi kote manman an gen yon bon nivo edikasyon gen plis chans reyisi nan lavi yo.
Edikasyon kòm zouti pou redui vyolans
Vyolans souvan grandi kote ki gen inyorans, fristrasyon ak mank opòtinite.Edikasyon ede devlope tolerans, kominikasyon, rezolisyon konfli, respè dwa moun, ak lespri kritik.
Yon sosyete ki envesti nan edikasyon fanm ak tifi yo ap konstwi sitwayen ki pi konsyan, ki pi responsab epi ki pi angaje nan lapè.
Anplis, fanm ki resevwa edikasyon gen plis kapasite pou rekonèt abi, denonse vyolans epi pwoteje tèt yo kont eksplwatasyon.
Wòl fanm Edike nan demokrasi ak Bòn gouvènans
Demokrasi pa kapab fonksyone san patisipasyon tout sitwayen yo.
Lè fanm yo pa jwenn aksè ak edikasyon, yo souvan rete lwen espas kote desizyon yo pran. Sa fè peyi a pèdi talan, lide ak kapasite lidèchip ki ta kapab ede rezoud anpil pwoblèm.
Yon fanm edike gen plis chans pou vote avèk konsyans, patisipe nan òganizasyon kominotè; defann dwa li, antre nan politik, kontribye nan bon jan gouvènans.
Nouvo Ayiti a bezwen plis fanm nan lekòl, men li bezwen plis fanm tou nan direksyon lekòl yo, nan antrepriz yo, nan katèl majistra yo, nan palman an ak nan tout enstitisyon piblik yo.
Edikasyon fanm ak chhanjman mantalite
Youn nan pi gwo fòs edikasyon se kapasite li genyen pou transfòme fason moun panse. Lè yon tifi ale lekòl, li aprann reve pi gwo rèv. Li aprann ke lavi li pa limite ak stereyotip oswa diskriminasyon sosyete a mete devan li.
Sou plan sikolojik, edikasyon ogmante konfyans nan tèt, li ranfòse estim pwòp tèt; li devlope otonomi ak ankouraje lidèchip.
Sou plan sosyolojik, li ede kraze sèten pratik ki anpeche pwogrè tankou diskriminasyon, eksklizyon ak dominasyon sosyal.
Yon peyi ka reyisi gras ak edikasyon Fanm
Lè yon gouvènman fè edikasyon tifi yo yon priyorite nasyonal rezilta yo ka remakab: kwasans ekonomik rapid, rediksyon povrete, amelyorasyon sante piblik ak ogmantasyon pwodiktivite. Pou yon Peyi jwenn rezilta sa yo, yo dwe konprann yon verite senp: devlopman pa depann sèlman de enfrastrikti oswa envestisman etranje; li depann tou de kalite kapital imen yon peyi posede.
Baryè ki anpeche tifi ayisyèn yo reyisi
Malgre tout benefis edikasyon kapab pote pou fanm ak tifi yo, gen plizyè obstak estriktirèl ak sosyal ki kontinye limite aksè yo ak yon bon jan edikasyon ann Ayiti. Baryè sa yo pa sèlman afekte lavi endividyèl tifi yo, men yo ralanti devlopman tout peyi a.
Povrete: Pi gwo Lènmi edikasyon tifi yo
Povrete rete youn nan prensipal rezon ki fè anpil tifi pa rive fini lekòl yo. Nan anpil fanmi ayisyen, revni an pa menm ase pou kouvri bezwen debaz tankou manje, lojman ak swen sante. Nan yon kontèks konsa, peye lekòl, achte liv, inifòm ak materyèl eskolè vin tounen yon gwo defi.
Souvan, lè resous yo limite, kèk fanmi bay priyorite ak edikasyon pitit gason yo pandan yo mande tifi yo rete lakay pou ede nan travay kay oswa pran swen ti frè ak sè yo. Gen lòt ki voye pitit fi yo fè ti komès oswa travay domestik pou ede fanmi an siviv ekonomikman.
Konsekans lan se yon kantite enpòtan tifi ki abandone lekòl twò bonè, sa ki diminye opòtinite yo pou yo jwenn yon pi bon lavi nan lavni. Povrete a konsa vin tounen yon sik ki repwodui tèt li soti nan yon jenerasyon rive nan yon lòt.
Ensekirite: Yon Menas Kont Dwa pou Aprann
Kriz ensekirite a genyen yon enpak devastatè sou edikasyon ann Ayiti. Nan anpil zòn, gang ame yo kontwole wout ak katye, sa ki fè paran yo pè voye pitit yo lekòl.
Anpil lekòl oblije fèmen pòt yo tanporèman oswa definitivman akoz vyolans. Gen elèv ak pwofesè ki oblije kite zòn kote yo rete pou chèche refij lòt kote. Tifi yo espesyalman vin plis ekspoze ak risk agresyon seksyèl, kidnaping ak lòt fòm vyolans.
Lè yon timoun pase plizyè mwa oswa plizyè ane san ale lekòl akoz ensekirite, sa afekte aprantisaj li, devlopman emosyonèl li ak konfyans li nan lavni. Yon peyi ki pa kapab garanti sekirite pou timoun li yo ap konpwomèt pwòp avni li.
Diskriminasyon ak estereyotip sou wòl fanm
Malgre anpil pwogrè ki fèt, gen toujou kèk mantalite tradisyonèl ki konsidere fanm kòm moun ki fèt sèlman pou marye, fè pitit ak okipe kay. Nan kèk kominote, yo pa wè nesesite pou yon tifi fè gwo etid paske yo panse avni li limite ak lavi familyal sèlman.
Kalite diskriminasyon sa a diminye motivasyon anpil tifi epi limite sipò yo jwenn nan fanmi ak nan anviwònman sosyal yo. Lè yon sosyete mete baryè mantal devan fanm yo, li prive tèt li de talan, kreyativite ak kapasite lidèchip ki ta kapab kontribye nan devlopman peyi a.
Pou rekonstwi Ayiti, li enpòtan pou nou bati yon kilti kote tifi ak tigason jwenn menm opòtinite pou devlope potansyèl yo.
Gwosès avan lè: Yon kòz Enpòtan Abandòn Lekòl
Gwosès pandan adolesans reprezante youn nan pi gwo defi pou edikasyon tifi yo ann Ayiti. Anpil jèn fi vin ansent pandan yo toujou ap etidye, sa ki fòse yo kite lekòl pou pran responsablite manman.
Nan anpil ka, gwosès bonè a se rezilta mank edikasyon seksyèl, vyolans seksyèl, presyon sosyal oswa kondisyon ekonomik difisil. Lè yon tifi abandone lekòl pou rezon sa yo, chans li genyen pou jwenn yon bon travay oswa amelyore kondisyon lavi li diminye anpil.
Anplis difikilte ekonomik yo, anpil jèn manman sibi stigmatizasyon ak diskriminasyon, sa ki fè retounen lekòl vin pi difisil toujou. Se poutèt sa pwoteksyon tifi yo, edikasyon sou sante repwodiktif ak sipò pou jèn manman yo dwe fè pati nenpòt politik serye sou edikasyon.
Feblès Sistèm Edikatif la
Pwoblèm yo pa sèlman soti nan fanmi oswa nan sosyete a; sistèm edikatif ayisyen an genyen pwòp limit pa li tou. Anpil lekòl manke enfrastrikti adekwa, materyèl pedagojik ak pwofesè ki byen fòme.
Nan kèk zòn riral, timoun yo oblije mache plizyè kilomèt pou rive lekòl. Majorite etablisman pa gen bibliyotèk, laboratwa oswa menm mèb ki nesesè pou bon aprantisaj. Klas yo souvan twò chaje, sa ki rann ansèyman an mwens efikas.
Pou tifi yo, sitiyasyon an pafwa vin pi difisil toujou lè lekòl yo pa genyen twalèt ki adapte ak bezwen yo oswa lè kondisyon sekirite yo pa garanti.
Yon peyi ki vle fè edikasyon fanm ak tifi tounen yon zouti devlopman dwe premye ranfòse kalite sistèm edikatif li a. Sa mande plis envestisman, plis planifikasyon ak yon vrè volonte politik pou mete edikasyon nan sant pwojè nasyonal la.
Yon Defi ki Tounen yon Opòtinite
Povrete, ensekirite, diskriminasyon, gwosès bonè ak feblès sistèm edikatif la se gwo obstak ki devan tifi ayisyèn yo jodi a. Men yo pa inevitab. Avèk bon politik piblik, mobilizasyon kominotè ak angajman tout sektè yo, baryè sa yo kapab diminye.
Chak tifi ki rete lekòl malgre difikilte sa yo se yon viktwa pou fanmi li, pou kominote li ak pou Ayiti tout antye. Se poutèt sa batay pou edikasyon fanm ak tifi yo pa yon kesyon sektoryèl; li se youn nan pi gwo batay pou avni nasyon an.
Ki Solisyon Pou Nouvo Ayiti a?
Pou chanje reyalite sa a, tout sektè yo dwe mete tèt ansanm. Leta dwe ogmante bidjè edikasyon an, konstwi plis lekòl, bay bous etid pou tifi yo epi garanti sekirite lekòl yo.
Sektè prive a dwe: sipòte pwogram fòmasyon; finanse bous etid; kreye opòtinite travay pou jèn fanm.
Òganizasyon sosyal yo dwe: sansibilize fanmi yo, konbat diskriminasyon, epi ankouraje lidèchip fanm.
Fanmi yo dwe: trete pitit fi ak pitit gason menm jan, ankouraje tifi yo pouswiv etid yo epi sipòte rèv ak anbisyon yo.
Konklizyon
Rekonstriksyon Ayiti pa pral fèt sèlman ak beton, wout oswa gwo pwojè enfrastrikti. Li pral fèt sitou ak devlopman entèlijans, kapasite ak potansyèl moun ki fòme nasyon an. Pami tout envestisman yon peyi kapab fè, pa gen youn ki pi pwofitab pase envestisman nan edikasyon fanm ak tifi yo. Lè yon tifi jwenn chans pou aprann, li jwenn pouvwa pou transfòme lavi li, fanmi li ak kominote li. Nouvo Ayiti anpil moun ap reve a pap bati sou eksklizyon, men sou patisipasyon tout sitwayen yo. Li pap bati sou inyorans, men sou konesans. Li pap bati sou diskriminasyon, men sou egalite opòtinite. Se poutèt sa chak lekòl ki louvri pòt li pou yon tifi, chak bous etid ki sipòte yon jèn fanm, chak fanmi ki ankouraje pitit fi li kontinye etidye, reprezante yon pa anplis sou chemen yon Ayiti ki pi pwospè, ki pi estab ak ki pi diy.
Si nou vle konstwi yon nouvo Ayiti, nou dwe kòmanse pa edike fanm ak tifi yo. Paske lè yon fanm leve, se tout yon nasyon ki leve avè l.
Otè: Faudener Gerbier
Copyright © PAKONA AYITI, Tout dwa rezève.