Actualités · 23/06/2026
Entwodiksyon
Chak samdi swa, pandan mwen ap kite Wanament pou m rantre Okap, mwen toujou temwen yon reyalite ki boulvèse m anpil. Nan otobis yo, nan kamyonèt yo, sou motosiklèt , mwen rankontre anpil jèn fanm ak jèn gason sèvis imigrasyon dominiken sot depòte. Gen ladan yo ki sèlman fè kèk jou sou teritwa dominiken an. Gen lòt ki te deja jwenn travay nan konstriksyon, nan agrikilti, nan komès oswa kòm anplwaye kay. Men, rèv yo kraze lè yo arete yo epi fòse yo retounen ann Ayiti.
Lè yon moun pran tan pou obsève figi moun sa yo, ou ka remake yon melanj fatig, tristès, laperèz ak dezespwa. Gen kèk ki pèdi tout sa yo te genyen. Gen kèk ki pa menm gen lajan transpò pou yo retounen lakay yo. Gen lòt ki rakonte move tretman yo sibi pandan arestasyon yo oswa pandan depòtasyon an. Pafwa, yo pale de kout baton, jouman, diskriminasyon, abi ak imilyasyon. Gen fanm ki rakonte eksperyans twomatik ki kite mak pwofon sou lavi yo. Dèyè chak moun sa yo, gen yon istwa doulè, yon rèv ki kraze ak yon fanmi ki t ap tann yon avni miyò. Sèn sa yo pa senpleman rakonte istwa kèk moun ki pa gen chans. Yo revele yon kriz sosyal, ekonomik ak politik ki pi pwofon. Yo poze yon kestyon fondamantal devan tout sosyete ayisyèn nan : poukisa yon dividal jèn kontinye kite peyi yo malgre tout risk, tout imilyasyon ak tout danje ki sou wout la?
Yon egzòd silansye ki tradui dezespwa yon pèp
Migrasyon ayisyen yo pa yon fenomèn nouvo. Depi plizyè dizèn lane, Ayisyen ap kite peyi a pou chèche lavi miyò lòt kote. Men, nan dènye ane yo, fenomèn sa a pran yon dimansyon ki pi grav toujou. Jodi a, se pa sèlman moun ki pa gen edikasyon oswa ki pa gen mwayen ekonomik ki ap kite peyi a. Nou wè etidyan, pwofesè, enfimyè, teknisyen, antreprenè ak menm pwofesyonèl ki gen eksperyans ap chèche nenpòt fason pou yo kite peyi a.
Dèyè egzòd sa a, gen yon verite ki difisil pou aksepte : anpil jèn pa wè okenn espwa pou lavni yo an Ayiti. Yo santi efò yo pa ka mennen yo okenn kote. Yo santi rèv yo bloke nan yon sistèm ki pa ofri ase opòtinite pou yo devlope kapasite yo. Lè yon jèn pase plizyè ane ap etidye san li pa jwenn travay, lè yon fanmi ap lite chak jou pou jwenn manje, lè yon antreprenè pa ka envesti akoz ensekirite ak enstabilite, migrasyon vin parèt tankou sèl pòt ki rete ouvè.
Se pa yon kesyon de renmen oswa pa renmen peyi a. Okontrè, majorite migran yo renmen peyi yo anpil. Men, lanmou pou peyi pa ka ranplase bezwen pou manje, sekirite, edikasyon ak diyite.
Povrete ak chomaj : Pi gwo faktè ki pouse jèn yo kouri kite Peyi a
Povrete rete youn nan pi gwo motè migrasyon an. Nan anpil komin an Ayiti, espesyalman nan zòn riral yo, fanmi yo ap viv nan kondisyon ekstrèmman difisil. Pri pwodwi premye nesesite yo kontinye ogmante pandan revni fanmi yo ap diminye.
Pou anpil jèn, jwenn yon travay regilye tounen yon mirak. Menm lè yo jwenn travay, salè yo souvan pa sifi pou satisfè bezwen debaz yo. Anpil diplome pase plizyè ane san yo pa jwenn yon opòtinite ki koresponn ak fòmasyon yo.
Lè yon jèn wè li pa ka ede paran li, li pa ka bati yon kay, li pa ka peye etid li oswa sipòte pitit li, li kòmanse chèche solisyon lòt kote. Se konsa Repiblik Dominikèn, malgre tout difikilte ak risk yo, vin parèt tankou yon espas kote gen plis chans pou jwenn yon sous revni.
Sa montre migrasyon an pa sèlman yon kestyon deplasman moun. Li se rezilta yon echèk ekonomik ki fòse sitwayen yo al chèche sa peyi pa kapab ofri yo.
Ensekirite ak Enstabilite : Yon Faktè ki Agrave Kriz la
Nan dènye ane yo, ensekirite vin tounen youn nan pi gwo rezon ki fè moun kite peyi a. Nan plizyè rejyon, aktivite gang ame yo kreye yon klima laperèz ki afekte tout aspè lavi sosyal ak ekonomik la.
Anpil moun pè fè komès. Anpil antrepriz diminye aktivite yo oswa fèmen nèt. Timoun pa ka ale lekòl nòmalman nan plizyè zòn. Moun pa ka sikile san kè sote. Sitiyasyon sa a fè anpil jèn santi avni yo menase.
Lè yon sosyete pa kapab garanti sekirite sitwayen li yo, li vin difisil pou moun planifye lavi yo. Se poutèt sa anpil moun prefere pran risk travèse fwontyè a olye yo rete nan yon anviwònman kote yo pa santi yo pwoteje.
Migrasyon an : yon chemen soufrans ak imilyasyon
Pou anpil moun, travèse fwontyè a pa reprezante kòmansman yon lavi miyò. Souvan, se kòmansman yon lòt seri difikilte.
Anpil migran vann tè, bèt oswa lòt byen pou yo jwenn lajan pou fè vwayaj la. Gen lòt ki prete lajan ak espwa yo pral remèt li apre yo fin jwenn travay. Men, anpil fwa, reyalite yo jwenn lan diferan de sa yo te imajine.
Yo ka sibi eksplwatasyon nan travay yo. Yo ka travay anpil èdtan pou yon salè ki ba. Yo ka viv nan kondisyon lojman ki pa respekte diyite imen. Epi toujou gen kè sote pou yo pa arete oswa depòte.
Pou anpil migran, lavi a vin tounen yon batay manch long kony laperèz ak ensètitid.
Dwa moun ak diyite Imen pa dwe janm sakrifye
Kesyon migrasyon an pa dwe sèlman analize sou plan legal oswa politik. Li dwe analize tou sou plan moral ak imen.
Nenpòt peyi gen dwa kontwole fwontyè li ak aplike lwa migrasyon li yo. Men, okenn moun pa ta dwe sibi move tretman paske li se yon migran. Diyite imen pa ta dwe depann de nasyonalite yon moun oswa de estati migratwa li.
Lè gen akizasyon sou abi fizik, vyolans seksyèl, diskriminasyon oswa lòt move tretman kont migran yo, kesyon an depase kesyon migrasyon. Li vin tounen yon kestyon dwa moun.
Yon sosyete ki respekte dwa moun dwe toujou fè diferans ant aplikasyon lwa ak vyolasyon diyite moun.
Responsablite Leta ayisyen an : yon refleksyon nou pa ka Evite
Li fasil pou blame sèlman kondisyon migran yo jwenn nan peyi kote yo ale a. Men, nou dwe gen kouraj pou poze kesyon sou sa ki pouse yo kite peyi yo an premye.
Leta ayisyen pote yon gwo responsablite nan kriz sa a. Pandan plizyè dizèn lane, politik devlopman yo pa rive kreye kantite travay ki nesesè pou satisfè bezwen popilasyon an. Envestisman nan agrikilti, edikasyon teknik, endistri ak enfrastrikti rete limite. Rezilta a se yon jenerasyon jèn ki souvan santi li abandone. Lè yon sitwayen oblije kite peyi li pou l ka siviv, sa montre gen yon bagay ki pa fonksyone nan sistèm nan. Migrasyon masiv la pa sèlman yon kesyon ekonomik. Li se yon siy feblès enstitisyonèl ak politik.
Ki avni pou Ayiti si jèn li yo kontinye Pati?
Chak jèn ki kite peyi a reprezante yon fòs, yon talan ak yon kapasite pwodiksyon peyi a ap pèdi.Lè yon pwofesè ale, sistèm edikatif la pèdi yon resous. Lè yon enfimyè ale, sistèm sante a vin pi fèb. Lè yon antreprenè ale, ekonomi an pèdi yon kreyatè richès. Lè yon etidyan briyan kite peyi a, se yon pati nan avni nasyon an ki ale avèk li. Fenomèn sa a kreye yon sik visye. Toutotan gen mwens moun kalifye ki rete nan peyi a, peyi a ap gen mwens kapasite pou l devlope. Toutotan genyen mwens devlopman ki fèt ap gen plis moun k ap anvi kite peyi a. Si tandans sa a kontinye, konsekans yo ka grav anpil pou jenerasyon k ap vini yo.
Ki solisyon ki posib?
Pou chanje sitiyasyon an, fòk genyen yon vizyon nasyonal ki mete moun nan sant devlopman an.Ayiti bezwen kreye djòb nan tout depatman yo atravè agrikilti modèn, endistri transfòmasyon, touris, teknoloji ak antreprenarya. Fòmasyon pwofesyonèl dwe vin yon priyorite pou prepare jèn yo pou mache travay la.
Leta dwe kreye kondisyon pou envestisè yo santi yo an sekirite pou mete kapital yo nan peyi a. Fòk enfrastrikti yo amelyore, sèvis piblik yo ranfòse epi estabilite politik la vin yon reyalite.
An menm tan, relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn dwe baze sou dyalòg, koperasyon ak respè mityèl. Migrasyon ap toujou egziste ant de peyi vwazen, men li dwe fèt nan yon kad ki respekte dwa ak diyite tout moun.
Konklizyon : Pèsonn pa kite Lakay li pou plezi
Chak fwa mwen rankontre migran depòte yo sou wout Wanament pou Okap, mwen wè plis pase kèk moun ki sot pèdi yon opòtinite ekonomik. Mwen wè sitou yon refleksyon sou pwoblèm pwofon peyi a ap travèse.
Pèsonn pa kite peyi li pou plezi. Pèsonn pa abandone fanmi li, zanmi li ak rasin li san rezon. Lè yon jèn riske lavi li pou travèse yon fwontyè, se souvan paske li pa wè lòt chwa devan li. Vrè kesyon an pa sèlman pou konnen konbyen ayisyen k ap depòte chak semèn. Vrè kesyon an se poukisa, nan yon peyi ki rich an istwa, an kilti ak an potansyèl imen, tèlman anpil sitwayen toujou santi avni yo pi fasil jwenn lòt kote pase lakay yo.
Jou Ayiti ap kapab ofri travay, sekirite, edikasyon ak espwa pou pitit li yo, migrasyon pap ankò yon kesyon siviv. Li pral tounen yon chwa lib. Se jou sa a n ap kapab di nou kòmanse rebati diyite ak avni nasyon an toutbon vre.
Otè: Faudener Gerbier
Copyright © PAKONA AYITI, Tout dwa rezève.