Swiv nou:
Rele nou: +(509) 47418581

MANMAN AYISYÈN : POTO MITAN NAN FANMI, FÒS NAN EKONOMI AN AK PREMYE PWOFESÈ NAN SOSYETE A

MANMAN AYISYÈN : POTO MITAN NAN FANMI, FÒS NAN EKONOMI AN AK PREMYE PWOFESÈ NAN SOSYETE A

Actualités · 29/05/2026


Nan chak tikwen nan  peyi a, soti nan mòn rive nan vil, nan mache piblik rive nan lakou lekòl, genyen yon figi ki toujou kanpe dwat malgre tanpèt lavi a : se figi yon manman k ap bouske lavi. Fèt manman yo pa sèlman yon jou pou ofri flè ak bèl pawòl; se yon okazyon espesyal pou sosyete a reflechi sou valè, sakrifis ak kontribisyon ekstraòdinè manman yo nan konstriksyon fanmi ak nasyon an.

An Ayiti, manman se plis pase yon moun ki bay lavi. Li se poto mitan nan  kay la, premye pwofesè timoun nan, premye enfimyè fanmi an, premye konseye moral la ak premye moun ki aprann pitit li kijan pou viv ak diyite. Nan yon peyi kote difikilte ekonomik, ensekirite ak kriz sosyal ap peze lou sou popilasyon an, manman yo kontinye leve chak maten ak kouraj pou soutni fanmi yo.


Manman : Poto mitan Fanmi yo

Nan anpil fwaye , manman yo se kè kay la. Lè tout bagay sanble nwa, se souvan yo menm ki kenbe espwa a vivan. yo konsole, yo ankouraje, yo korije, yo priye, yo sipòte. Menm lè trip yo ap kòde, yo fè efò pou  pran lari pou pitit yo jwenn lamanjay. Menm lè lavi a fè yo kriye an silans, yo toujou chèche souri pou bay fanmi an fòs.


An ayiti manman yo nan pote sou zepòl yo  yon gwo responsablite emosyonèl ak sosyal. Se yo  menm ki aprann timoun yo respekte lòt moun, travay di, viv ak disiplin ak kenbe prensip moral yo. Nan anpil ka, yo ranplase papa. Gen manman ki jwe ni wòl manman ni wòl papa.

Genyen fanm ki pase nwit blanch bò kote pitit yo ki malad. Genyen ki mache plizyè kilomèt anba solèy pou jwenn dlo oubyen manje pou kay la. Genyen ki vann nan lari depi granmaten jis aswè pou asire pitit yo pa dòmi grangou. Tout sakrifis sa yo montre grandè ak fòs moral manman yo.


Manman yo : Yon Gwo Fòs nan Ekonomi Ayisyèn nan

Si ekonomi ayisyèn nan kontinye kanpe malgre kriz yo, se an pati gras ak travay fanm ak manman yo. Nan mache piblik yo, nan ti komès yo, nan agrikilti, nan atizana, nan restoran, nan aktivite enfòmèl yo, manman yo se motè ekonomik anpil kominote.

Chak maten byen bonè, anpil manman leve avan solèy pou prepare manje manje voye timoun lekòl , prepare machandiz yo, pran wout mache oswa chèche ti aktivite pou fè fanmi an viv. Yo fè kredi, yo pran risk, yo sipòte move kondisyon transpò ak ensekirite pou kapab pote manje lakay.


Dèyè anpil timoun ki rive lekòl oswa inivèsite, genyen yon manman ki vann nan mache, ki fè ti biznis oswa ki sakrifye rèv pa li pou pitit li ka gen yon avni miyò. Anpil manman selibatè pote tout chay ekonomik kay la poukont yo. Yo peye kay, manje, lekòl, swen sante ak tout lòt bezwen fanmi an san okenn sipò reyèl.

Malgre kontribisyon sa a, anpil nan yo ap travay nan kondisyon ki difisil anpil, san pwoteksyon sosyal, san asistans finansye ak san sekirite ekonomik. Sosyete a souvan benefisye travay yo san li pa bay ase rekonesans oswa sipò.


Manman : Premye pwofesè timoun yo

Anvan yon timoun antre lekòl, premye moun ki kòmanse fòme lespri li se manman li. Se manman ki aprann pitit la pale, salye moun, respekte granmoun, renmen travay ak konprann valè lavi.

Anpil manman ayisyèn fè gwo sakrifis pou voye pitit yo lekòl. Genyen ki konn pase jounen san manje pou yo ka peye lekòl. Genyen ki vann dènye byen yo pou achte liv ak inifòm. Yo konprann edikasyon se youn nan sèl zam ki ka ede pitit yo soti nan mizè.

Menm lè yo pa konn li oubyen yo pa rive lwen lekòl, anpil manman toujou ankouraje pitit yo aprann, travay seryezman epi chèche yon lavi miyò. Yo siveye devwa, yo bay konsèy, yo ankouraje pitit yo pa dekouraje devan echèk.

Yon sosyete ki gen manman angaje nan edikasyon timoun yo se yon sosyete ki gen plis chans devlope. Paske lè yon manman fòme byen, li transfòme tout jenerasyon.


Soufrans ak Defi Manman Ayisyèn yo

Dèyè souri anpil manman genyen gwo doulè kache. Povrete, lavi chè, chomaj, ensekirite ak mank sèvis sosyal fè lavi anpil manman vin trè difisil. Genyen ki oblije leve pitit yo nan kondisyon ekstrèm san asistans medikal, san sipò sikolojik ak san pwoteksyon sosyal.

Estrès, fatig mantal ak enkyetid ap devore anpil manman an silans. Genyen k ap viv ak kè sere paske yo pa konnen kijan y ap jwenn manje oswa lajan lekòl pou denmen. Genyen ki viktim vyolans domestik oswa diskriminasyon sosyal.

Malgre tout sa, yo kontinye batay chak jou avèk kouraj. Yo tounen senbòl rezistans, detèminasyon ak lanmou san limit.


Manman Ayisyèn nan : Yon Senbòl Diyite ak Espwa

Nan kilti ayisyèn nan, manman se sous lavi, sous tandrès ak sous limyè. Li tankou yon pyebwa ki bay lonbraj menm lè solèy la cho anpil. Li tankou yon rivyè ki pa janm sispann koule malgre obstak sou wout li.


An Ayiti Manman yo nan pote nan je yo  istwa doulè ak espwa yon pèp antye. Chak fwa ou wè yon manman se figi sakrifis, men tou se  figi kouraj ak lafwa. Lè yon manman leve yon timoun byen, li patisipe nan konstriksyon peyi a.

Se poutèt sa sosyete a dwe aprann valorize manman yo plis pase senp pawòl oswa selebrasyon yon sèl jou. Paske san manman, pa gen fanmi solid; san fanmi solid, pa gen nasyon solid.


Yon pledwaye pou Leta ak sosyete a

Jodi a, li enpòtan pou Leta ayisyen ansanm ak tout sektè sosyete a pran responsabilite yo pou bay manman yo plis atansyon ak sipò konkrè.

Fòk genyen plis pwogram sosyal pou ede manman ki nan sitiyasyon vilnerab yo. Fòk Leta kreye plis opòtinite ekonomik, aksè ak kredi pou fanm antreprenè, pi bon sistèm swen sante pou manman ak timoun, ansanm ak pwoteksyon sosyal pou fanm ki nan difikilte.

Li nesesè tou pou gen pwogram fòmasyon pwofesyonèl, sipò sikolojik ak mezi pou pwoteje manman kont vyolans ak diskriminasyon. Yon peyi ki pa pran swen manman  yo se yon peyi ki mete avni li an danje.


Nan okazyon fèt manman yo, annou pa sèlman chante louwanj pou manman yo, men annou angaje nou pou amelyore kondisyon lavi yo toutbon vre. Paske manman nou yo merite plis pase admirasyon; yo merite respè, pwoteksyon ak rekonesans nasyonal.

Pou tout manman ayisyèn yo, nou di mèsi. Mèsi pou lanmou nou, sakrifis nou, fòs nou ak espwa nou kontinye bay peyi a chak jou. Nou se vrè poto mitan nasyon an.



Otè: Faudener Gerbier