Actualités · 15/05/2026
Kite powèm sa fofile
Antre plake nan tablo kè w,
Se nan pòt santiman w li vle pase
Pou chak grenn wyayèl ka soufle
Yon pawòl lespwa nan tenpan zorèy ou
Pou chak silab ka limen
Yon pwojektè sou boulva lavi w pou diw
Nan mitan 8 milya vwazen,
Se ou ki pi bèl e Tout zwazo konn sa.
Lalin ak douvanjou deja fè eskonbrit nan non w ;
Nan mitan yon syèl dezespwa
Ou se sèl grenn zetwal k ap pote limyè.
Kwè nan tèt, ou ou kapab !
Ou se yon nanm vivan,
Move van vag lanmè twò piti,
Pou bloke boulvèse vwayaj ou.
Ou te mèt soti lavil ou nan twou zonbi,
Kelkeswa koulè po w,
Kelkeswa fanmi ou soti,
Kwè nan tėt ou, ou kapab !
Pa pè gonfle blad lavi,
Menmsi ou ta yon avèg
Yon koko pye koupe
Sou bekiy ou sou chèz woulant,
Kelkeswa maladi w,
Kwè nan tèt ou, ou kapab !
Pa pè satiyèt lavi toujou gen yon bagay ou ka fè,
Nan mitan tout toubouyon enposibilite,
Gen yon dividal posibilite k’ap boujounen.
Toujou panse wo, byen wo, pi wo Pase nyaj yo.
Pa kite somèy dekourajman pote fòs ou ale
Avèk souf ki nan ou a
Ou ka vin yon gason total,
Ou ka vin yon fanm kapital,
Ou mèt geri bosko w nan gou w,
Ou se kaptenn bato lavi w,
Ou se pemye patwon tèt ou,
Ou se direktè, administratè, sipèvizè la vi w,
Pa kwè nan bèl pawoli pwomès piwili nèg sou pouvwa.
Kwè nan tèt ou, ou kapab !
Puisans panse w pa two piti
Pou chavire linivè nan plan men w,
lamizè pa dwe jwenn plas
Pou kwaze pye li douvan ekran je w
Kwè nan tèt kounya
Yon jou tout moun pral sezi wè w
W’ap tankou pipirit douvanjou
K’ap chante sou lawouze banda
Nan lorizon krepiskil solèy,
Se la wa kwaze pye w pou dodine.
Latè rele w pa w pa kite traka lavi
Fè mikalaw nan tèt ou.
Kenbe tout foli w nan pwent zorèy,
Dòmi ak pasyon w anba tèt ou.
Lavi a son match foutbòl
Gonfle balon w pou w ranpòte lamayòl.
Byen jwe pou w trible tout anndan vant lavi
Pou w ka rive chanpyon ;
Kwè nan tèt ou, ou kapab !
Pa pè loraj pa pè zeklè,
Pa komanse pè pou w pa vin pè.
Kwè nan tèt ou se sèl fason
Pou restore prezans lespwa nan fon kè w,
Aprann fè chak bout nuit yon konfidans
Kase randevou ak pasyans nan kafou delivrans
Se nan pye w bato bonè pral vin jete lank
Kwè nan tèt ou si ouvle rive kote ou vle.
Kwè nan tèt ou ou kapab !
Otè: Faudener Gerbier
Copyright © PAKONA AYITI, Tout dwa rezève.