Analyses · 07/07/2026
Entwodiksyon
Depi plizyè deseni, Ayiti ap fè fas ak gwo pwobèm ekonomik ak sosyal: anpil moun ki nan chomaj, gwo feblès nan pwodiksyon nasyonal la , anpil jèn k ap pati kite peyi a, ak yon sistèm edikatif ki twò souvan prepare moun pou chèche travay olye li prepare yo pou kreye richès. Nan yon kontèks konsa, edikasyon teknik ak fòmasyon pwofesyonèl parèt kòm youn nan pi gwo zouti pou chanje avni peyi a.
Edikasyon teknik pa sèlman aprann yon moun yon metye; li devlope disiplin, inovasyon, kreyativite ak kapasite pou rezoud pwoblèm. Li transfòme jèn yo an pwodiktè, antreprenè ak aktè devlopman.
Jan filozòf chinwa Confucius te di: "Chwazi yon travay ou renmen, epi ou p ap janm santi w ap travay yon sèl jou nan lavi ou." Pawòl sa a montre enpòtans fòmasyon ki konekte ak kapasite ak pasyon chak moun.
Edikasyon teknik: yon envestisman ki bay plis randman
Pifò peyi ki rive devlope yo pa t bati ekonomi yo sèlman sou inivèsite. Yo te envesti anpil nan fòmasyon teknik ak pwofesyonèl pou kreye yon mendèv kalifye.
Yon teknisyen nan elektrisite, mekanik, konstriksyon, agrikilti, enfòmatik oswa plonbri se yon moun ki kapab pwodwi richès, kreye sèvis, epi satisfè bezwen kominote li. Chak nouvo metye yon jèn aprann se yon nouvo pòt ki louvri sou travay, antreprenarya ak endepandans finansye.
Jan Benjamin Franklin te ekri: (Envesti nan konesans se envestisman ki bay pi bon benefis.)
Konbat chomaj atravè konpetans
Youn nan pi gwo pwoblèm Ayiti se pa sèlman mank travay; se tou mank moun ki gen konpetans teknik pou reponn ak bezwen mache a.
Yon jèn ki metrize yon metye pa oblije tann Leta oswa yon konpayi ba li travay. Li kapab kreye pwòp aktivite pa li, anboche lòt moun epi kontribye nan ekonomi lokal la.
Se poutèt sa yo konn di: "Pa bay yon moun manje sèlman; montre l kijan pou l pwodui manje."
Lojik sa a dwe gide politik edikatif Ayiti.
Edikasyon teknik ak antreprenarya
Fòmasyon teknik se fondasyon antreprenarya. Yon bon teknisyen ka vin yon gwo antreprenè si li jwenn bon jan fòmasyon sou jesyon, lidèchip ak finans.
Lè jèn yo kreye antrepriz yo, yo kreye djòb, yo ogmante pwodiksyon local, diminye depandans sou pwodwi enpòte, ranfòse ekonomi peyi a.
Chak atelye ki louvri, chak ti antrepriz ki fèt, se yon etap anplis nan rekonstriksyon ekonomik Ayiti.
Wòl Leta ak sektè prive
Pou edikasyon teknik vin tounen motè devlopman, tout aktè yo dwe angaje yo.
Leta dwe konstwi plis lekòl teknik, mete laboratwa ak atelye modèn; adapte pwogram yo ak bezwen mache travay la.
Sektè prive a bò kote pal dwe sipòte estaj pou elèv yo, patisipe nan fòmasyon, envesti nan inovasyon ak rechèch.
Se sèlman yon kolaborasyon ant lekòl, antrepriz ak Leta ki kapab pwodwi rezilta dirab.
Yon nouvo vizyon pou jèn Ayisyen yo
Nou dwe chanje fason nou wè siksè. Yon elektrisyen, yon mekanisyen, yon teknisyen agrikòl, yon enfòmatris oswa yon espesyalis nan enèji renouvlab pa gen mwens valè pase nenpòt lòt pwofesyonèl.
Diyite yon moun pa mezire ak kalite diplòm li genyen, men ak kapasite li pou kreye valè, sèvi sosyete a epi viv ak onètete.
Jan Nelson Mandela te deklare: « Edikasyon se zam ki pi pisan pou chanje mond lan. »
Konklizyon
Si Ayiti vle diminye chomaj, ogmante pwodiksyon, ankouraje antreprenarya epi rebati ekonomi li, li dwe mete edikasyon teknik ak fòmasyon pwofesyonèl nan sant politik devlopman nasyonal li. Chak jèn ki aprann yon metye se yon viktwa kont povrete. Chak sant fòmasyon teknik ki louvri se yon pòt ki ouvri sou espwa. Chak teknisyen ki antre sou mache travay la se yon fòs anplis pou ekonomi peyi a. Edikasyon teknik pa yon chwa segondè; li se youn nan pi gwo estrateji pou rebati Ayiti. Paske yon nasyon pa grandi sèlman ak gwo rèv, men ak fanm ak gason ki gen konpetans, disiplin ak volonte pou konstwi lavni yo ak pwòp men yo.
Otè: Faudener Gerbier
Copyright © PAKONA AYITI, Tout dwa rezève.