Swiv nou:
Rele nou: +(509) 47418581

Anténor Firmin: Yon Pyonye Majè nan Batay pou Diyite Moun

Antenor firmin

Anténor Firmin (1850–1911) te yon entelektyèl ayisyen, antropològ, politisyen ak diplomat. Li se youn nan pi gwo lespri epòk li a, yon vizyonè ki mete konesans li o sèvis limanite. Travay li te santre sou defans diyite imen, konba kont rasis, ak afimasyon egalite entelektyèl ant tout pèp sou latè. Jiska jounen jodi a, panse li kontinye alimante refleksyon dekolonyal ak imanis atravè lemond.

Zèv Fondamantal: Sou Égalité des Races Humaines
Liv De l’égalité des races humaines, ki parèt an 1885, se pi gwo kontribisyon Firmin. Li te ekri l kòm yon repons dirèk kont teyori rasis Joseph Arthur de Gobineau, ki te soutni nan Essai sur l’inégalité des races humaines ke gen ras ki siperyè ak lòt ki enferyè. Firmin, ak yon metòd syantifik solid ak yon elokans remakab, demantle lide sa yo. Li mobilize antropoloji, istwa, biyoloji ak kilti pou mete verite a an limyè.

Li te deklare ak fòs:
« Pa gen okenn lòd natirèl ki mete yon ras pi wo pase lòt. Tout lide sou siperyorite yon pèp sòti nan inyorans oswa ògèy. »

Zèv sa a te yon jès odasye, yon revolisyon panse, e li make yon etap fondamantal nan batay kont rasis ak pou rekonesans plen diyite pèp nwa yo.

charlotin_marcadieux1

Yon Panse Imanis ak Syantifik
Firmin pa t sèlman defann dwa pèp nwa yo; li te kwè nan inivèsalite dwa moun. Pou li, edikasyon, syans, ak rezon te poto mitan devlopman sosyal ak politik. Li te defann lide ke chak pèp pote yon kontribisyon inik nan sivilizasyon mondyal la.

Nan lòt zèv li yo tankou Haïti et la France, Le Président Roosevelt et la République d’Haïti, ansanm ak diskou politik li yo, Firmin trase chemen pou yon Ayiti modèn, edike, ouvè sou mond lan, e angaje nan dyalòg entènasyonal.

Yon Vizyon pou Ayiti ak pou Limanite
Firmin te reve yon Ayiti ki solid entèlektyèlman, ki gen estabilite politik, epi ki kapab soutni tèt li ekonomikman. Jodi a, panse li kontinye enspire jenerasyon k ap lite pou jistis sosyal, kont diskriminasyon, ak pou devlopman peyi yo. Li rete yon modèl entelektyèl ki chaje ak entègrite, kouraj, ak lafwa nan valè ke moun genyen.

Konklizyon
Anténor Firmin kite pou nou yon eritaj ki pa sèlman istwa, men tou yon apèl pou gwo kokennchenn refleksyon. Travay li montre kijan konesans ka sèvi kòm zam kont opresyon, epi kòm zouti pou liberasyon. Ayiti ak rès mond lan ta gen anpil pou yo benefisye si yo mete zèv li yo nan lekòl, inivèsite, ak dyalòg sitwayen.

Faudener Gerbier, 4 desanm 2025.

Logo PAKONA
Redaksyon : FAUDENER Gerbier
© 2025 Pati Konsèvatè Nasyonal