Swiv nou:
Rele nou: +(509) 47418581
Pakona - About Us

Kiyès nou ye?

Pati Konsèvatè Ayisyen (PAKONA) se eritaj yon pati politik Prezidan Lysius Salomon kreye ki te rele Le Parti National. Etandone gen lòt antite ki pran denominasyon Parti National la nou te blije jwenn yon lòt non, san n pa chanje ideyal orijinal la.

Nou se yon pati politik ki kwè devlopman peyi d Ayiti dwe chita sou pwòp valè ak richès li. Nou kwè li lè li tan pou Ayisyen sispann jete sa ki rele yo chèmèt chèmètrès pou mache kopye tèt bese sa ki soti lòtbò dlo.

Se pou sa PAKONA devlope filozofi politik li sou baz sa nou rele Ayisyanis. Li sanble yon gwo mo, men li vle di bagay ki byen senp, tankou aprann konn kisa nou vo epi kiyès nou ye. Nou pa yon pati politik ni ladwat ni lagoch. Sa k entèrese nou se itilize pwòp resous peyi a, rasyonèlman, syantifikman, epi nan sans pratik ki vyab pou nou ede l avanse

Nan Kisa Nou Kwè ?

• Nan yon sistèm ekonomik modèn ki priyorize sa Ayiti genyen kòm resous;

• Nan yon sistèm edikatif ki pèmèt tout timoun al lekòl pou yo aprann, aprann byen epi aprann menm jan, gras ak anseyan konpetan epi kalifye;

• Nan yon sistèm edikatif ki aprann Ayisyen valorize richès materyèl ak kiltirèl nou;

• Nan yon sistèm sekirite k ap itilize resous kiltirèl nou pou konbat ensekirite, menm jan moun ki te ban nou endepandans yo te itilize konesans kiltirèl yo pou yo te konbat kolon franse;

• Nan yon peyi kote Ayisyen pran tan valorize sa l ye olye chèche vin sa l pa ye ak sa l petèt p ap janm ye;

• Nan yon peyi kote Ayisyen ap pwouve lanmou l pou Ayiti nan chak grenn aksyon;

• Ke dezòmè Ayisyen pa sèlman vle di yon pèp, yon nasyon, men tou yon idantite kiltirèl ak istorik;

• Nan yon Leta transparan;

• Ke nou dwe rapwoche nou plis de peyi nan Karayib la, non sèlman diplomatikman men tou atravè enstitisyon ekonomik enpòtan rejyon an ki se CARICOM , Kominote Ekonomik Karayib la;

• Nan yon Leta k ap kreye kondisyon pou Ayisyen ka rete viv nan peyi l epi ankouraje sila ki nan Dyaspora a tounen vin mete men nan pat la;

• Nan yon politik entegrasyon;

• Nan yon sistèm jistis ki pou tout moun, kote tout jijman yo ap fèt nan lang Ayisyen an;

• Ke lang nou an pa rele Kreyòl men pito Ayisyen, jan gwo zotobre entèlektyèl tankou Jean Price Mars, Pradel Pompilus ak istoryen Michel Rolph Trouillot te toujou di l.

PAKONA vle di an n di kisa nou ye. PAKONA vle di an n pa kite lòt moun di nou kisa nou ye.

PAKONA vle di ke se nou ki pou pwouve tèt nou ke nou gran, ke nou kapab, ke n ap fè tout sa ki byen pou nou, ke n ap aprann itilize sa k pa nou pou n fè byen youn pou lòt. PAKONA vle di ke nou kwè ke pou peyi d Ayiti avanse fò n retounen nan rasin nou, nan listwa n, nan konsyans nou pou n konn kiyès nou ye, sa n ka fè, sa n te fè ki byen ak sa n ap fè ki bon. PAKONA vle di se pou nou ranmase figi nou pou n fè devlopman peyi d Ayiti ak Ayisyen.